SJM Chile

Kisa lojman sanitè a ye epi kòman mwen ka jwenn aksè ak yo?

Lojman sanitè  yo se yon estrateji pou kontwole pwopagasyon COVID-19 la. Li la pou moun ke yo dyagnostike ak maladi a e ki pa kapab fè yon karantèn efikas  lakay yo oswa paske yo pa rezide nan vil la kote yo te dyagnostike a. Li gratis epi yo ladann y’ap ba ou manje ak siveyans sante diran peryòd 14 jou an depi nan kòmansman aparisyon  sentom yo.

Kòman yo jwenn aksè?

Si ou gen COVID-19 epi yo pa gen kondisyon ki nesesè pou fè yon karantèn efikas  lakay ou a, ou dwe kontakte Seremi Sante rejyon ou nan nimewo oswa e-mail ki pibliye sou sit entènèt li epi otorite a sante yo ap evalye ka a epi w’ap ale ak ou nan yon lojman sanitè.

Ou kapab rele tou pou jwenn plis enfòmasyon nan: 800 726666

Plis enfòmasyon sou: https://www.minsal.cl/residencias-sanitarias/