1.- Nouvo Lwa Imirasyon: Kilè y’ap kòmanse mete’l an pratik?
Y’ap kòmanse aplike lwa sa yon fwa ke yo pibliye’l nan Jounal Ofisyèl Règ Imigrasyon. Ministè Enteryè gen pou pi piti yon lane, pou’l kapab ekri règ sa yo. Yon fwa ke yo fini’l, yap pibliye’l nan Jounal Ofisyèl la. Yon fwa ke yo kòmanse mete’l an pratik, n’ap pataje enfòmasyon sa.
2.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Kòman yon etranje kapab antre nan peyi a?
Touris: kenpòt moun k’ap antre Chili tankou touris, pa bezwen yon viza sou paspò’l pou’l kapab antre nan peyi a. Sèlman si nasyonalite’l fè pati de peyi ke yo mande viza pou kapab antre isit. Nan ka sa, moun lan dwe fè demand yon viza nan anbasad Chili ki nan peyi kote’l ye a.
Pou’w kapab antre vinn viv nan Peyi Chili: Avan’w antre nan peyi a, ou dwe fè demach pou’w mande yon viza rezidans tanporè nan anbasad peyi kote’w sòti a. Nan atik 70, lwa a enimere tout tip de visa rezidans tanporè, tankou pa egzanp viza pou antre yon fanmi, viza pou chache travay, viza pou moun ki vle vinn travay pou yon kantite tan ki fikse, elatriye. Gen yon dekrè ki bay tout detay sou kondisyon ke moun lan dwe konpli pou’l kapab mande yon viza.
3.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Pwosesis ekstra pou kapab aranje sitiyasyon migratwa’w
Yon fwa ke yo pibliye nouvo lwa a nan Jounal Ofisyèl, pral gen yon peryòd enskripsyon ekstra pou moun ki pa gen papye kapab fè demach pou aranje sitiyasyon migratwa yo, kote yo pral kapab fè demand pèmi rezidans tanporè. Moun ki kapab fè demand sa, se moun ki te pase nan fwontyè ki legal pou antre nan peyi a, men li pa dwe genyen antesedan penal oswa pwoblèm ak lajistis. Kantite tan pou kapab fè demach sa se 180 jou depi lè lwa a pibliye. Pou moun ki te antre nan peyi a nan fwontyè ilegal, yo kapab kite peyi a san yo pa ba’l okenn sanksyon, ni yo pap ba’l lèt depòtasyon jidisyè pou kite peyi a. Kantite tan pou’l fè sa se 180 jou depi yo pibliye lwa a. Yon fwa moun lan kite peyi a ak pwòp volonte’l, li kapab retounen antre nan peyi ak kondisyon yo mete yo selon nasyonalite’l.
4.- Nouvo Lwa Imigrasyon: fè yon fanmi’w antre
Etranje ki gen rezidans nan peyi a kapab fè demach pou antre yon fanmi’l. Moun l’ap ka fè antre yo se:
- Madanm li, kote li dwe prezante yon papye legal ke yo marye.
- Manman oswa Papa.
- Pitit li (timoun lan dwe genyen mwens ke 18 lane)
- Pitit li (si timoun lan soufri yon andikap)
- Pitit li (si li gen yon pitit ki selibatè ki gen mwens ke 24 tran)
- Si li gen yon timoun ki sou chaj li.
Yo bay timoun anpil priyorite.
5.- Nouvo Lwa Imigrasyon: viza pou fanm ki nan sitiyasyon pwoteksyon espesyal
Lwa a di ke tout fanm ki ansent, viktim trafik moun, ki sibi vyolans swa pou sèks li, swa anba men yon manb nan fanmi’l; Sèvis Nasyonal Imigrasyon kapab ba li yon viza espesyal a pati de antesedan ki te pase yo.
6.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Legalizasyon pwofesyon, diplòm pwofesyonèl oswa teknik
Tout Inivèsite leta oswa Inivèsite prive ke leta rekonèt, ki gen pou pi piti 5 kan avèk akreditasyon leta, kapab legalize, rekonèt diplòm akademik yon etranje. Li kapab legalize etid moun lan si li vle kontinye etidye tou. Ministè Edikasyon ap bay tout swivi, règ ke entitisyon yo dwe swiv pou fè sa, ke yo dwe konpli.
7.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Sèvis Nasyonal Imigrasyon
Yo pral chanje non entitisyon ki an chaj imigrasyon. Li pap rele Departamento de Extranjería ankò sinon Servicio Nacional de Migraciones. Fonksyon prensipal li yo se:
- Aplike Politik Nasyonal Imigrasyon an
- Pran desizyon sou tout demach yo, pèmi, kantite tan, refize, revoke pèmanans ak rezidans nan peyi a
- Otorize antre, sòti tout etranje nan peyi a
Deside kilè ak kijan yo dwe depòte yon etranje
8.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Konsèy Politik Migratwa
Entitisyon Nouvo Apelasyon Sekstortèl gen pou prensipal fonksyon enfòme Prezidan peyi a sou elaborasyon Lwa Politik Nasyonal Imigrasyon. Minis Enteryè a se li ki an chaj pou dirije, epi Minis Relasyon Eksteryè, lajistis, Dwa Imen, byen imobilye, devlopman sosyal ak fanmi, travay ak sekirite sosyal, sante, tout ap fè pati de Enstitisyon sa tou. Prezidan asosyasyon meri yo kapab patisipe tou pou bay konsèy. Minis Enteryè kapab envite moun oswa enstitisyon patisipe tou, tankou minis, travayè leta, oswa pwofesyonèl ki travay sou tèm imigrasyon.
9.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Politik Nasyonal Imigrasyon
Politik Nasyonal Imigrasyon pral chache entegrasyon ak enklizyon pou imigran yo nan peyi a. Eleman santral yo se:
- Respè ak pwoteksyon dwa moun ki imigran
- Reyalite lokal, sosyal, kiltirèl, ekonomik, demografik ak travay
- Kontribye sou tèm imigrasyon, devlopman sosyal, ekonomik, kiltirèl nan peyi a
- Kenbe nan bon nivo ilegalite papye imigran yo nan peyi a.
10.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Aksè etranje genyen pou jwenn benefis leta
Nouvo Lwa a di ke tout etranje kapab jwenn aksè, nan menm kondisyon avèk chilyen, pou jwenn benefis ke leta bay.
Sepandan, pral gen kèk eksepsyon sou pwogram oswa benefis ke leta bay (pa egzanp benefis lajan, elatriye), sèl etranje k’ap kapab gen aksè ak yo se etranje ki gen plis ke 24 mwa k’ap viv nan peyi a.
Kondisyon sa pap aplike pou timoun, adolesan, y’ap kapab gen aksè a benefis leta san kondisyon, tankou bous etid, elatriye.
11.- Nouvo Lwa Imigrasyon: Pwoteksyon Konplemantè
Lwa a etabli ke moun ki fè demand pou mande refij nan peyi a, men ki pa konpli a kondifye refije, y’ap ba yo yon pwoteksyon konplemantè kote li dwe konpli kondisyon ke Politik Nasyonal Imigrasyon mande yo. Moun ki gen pwoteksyon konplemantè, yo pap depòte’l epi voye’l nan peyi’l, kote ke lavi’l kapab an danje si’l retounen nan peyi’l pou yon rezon kelkonk tankou raz, koulè po, relijyon, oryantasyon seksyèl oswa idantite.